Radyo Tele Desalin (RTD) : yon patrimwàn vivan nan komin Desalin
Radyo Tele Desalin (RTD) : Yon patrimwàn vivan nan komin Desalin
Nan tout kominote, gen kèk enstitisyon ki depase senp fonksyon yo pou yo vin tounen yon pati nan memwa kominote sa yo. Se sa k rive nan ka Radyo Tele Desalin, youn nan pi ansyen radyo ak premye chanèl televizyon ki te etabli nan komin Desalin.
Radyo Tele Desalin pa sèlman fè pati radyo ki pi ansyen yo nan komin nan, li tou se premye chanèl televizyon Premye kapital nwa konnen nan istwa modèn li nan zafè telekominikasyon.
15 mas 2005 se yon dat istorik nan istwa modèn site enperyal la kote nan 21èm syèk la ki se syèk teknoloji, pou premye fwa komin Desalin ta pral konnen enplantasyon premye chanèl televizyon li. Se pat yon aza men se sou angajman ak detèminisyon yon jèn gason, teknisyen nan telekominikasyon, pitit komin Desalin ki rele Jean Wesley David ki te gen avèl Jodanest David ki te akouche pwojè sila nan site enperyal la nan ri Pérodin, yon senp aksyon ki pral chanje lavi moun nan kominote a.
Premye difizyon ak pasyon ekip la
"Nou te lanse sou Chèn 3 avèk yon emetè atizanal, nou te kòmanse premye difizyon yo ak anpil difikilte, men nou te gen yon ekip tele pasyone ki te akeyi inisyativ la ak fyète ki te konn fè aktivite kiltirèl, espòtif an dirèk." – Pawòl David Jean Wesley, direktè/fondatè Tele Desalin.
Avan fondasyon Tele Desalin an 2005, li pat toujou fasil pou moun nan kominote a. Te toujou gen gwo difikilte pou popilasyon desalinyèn nan te suiv emisyon televize, gade fim oswa match basketball ak football, men gras ak prezans Tele Desalin sitiyasyon an ta pral chanje konplètman.
Etap 2006–2010
Direktè Wesley kontinye: "Nan ane 2006 pou rive 2010 se ta pral yon lòt etap, sitou nan fenomèn feyton ki t ap fè aktyalite nan moman an. Nan lokal nou te genyen nan ri Jak Premye a, nou te mete yon televizyon deyò nan lari a pou moun ki pat gen televizyon yo gade feyton ak match. Se te yon moman ki make lespri m, sitou nan epòk chanpyona Basketball (NBA). Don Aristote ak Guy Patrick de konikè ki te konn eksplike match sa yo, san nou pap bliye chanpyona ewopeyen yo sitou (Ligues des champions) ki te konn eksplike pa kèk konikè tankou Melège Louis, Samuel Dorcely, Charmat Alcide, Pierre Miguel, Chérétas Destin, Saliba Andréville."
Radyo Desalin
Kanta pou radyo a li menm, An aprè Radyo (Future ak Messie) ki se pi ansyen yo, Radyo Desalin rantre pami lis ansyen yo tou nan komin nan; li ta pral fonde kèk mwa aprè tele a nan mwa septanm 2005.
"Yon lane pita, Jodanest te ale Etazini. Mwen te rete ak yon ekip ki te gen Ducasse Mercy, Patrick Charles, Marc Desius, Carline, Eugénie Fabienne, Rolane Charlot ki te konn prezante yon emisyon ki te rele (Clip au rendez-vous), Patrick Cadestin te konn prezante (Parenthèse). Nou pap bliye emisyon (Pawòl Pale) ki te konn anime pa Samuel Dorcely, (Parole et Tendresse) ak Jean René, Doktè Orleus emisyon sante, Fritznal (emisyon espò) ak plizyè lòt emisyon. M pap bliye tou, gwo bourad Carlos Love (Carlos Saint Fleur) youn nan fondatè Radyo Future te ban mwen nan pakou sa yo tou." – Pawòl Wesley David.
Telekominikasyon nan Desalin
Sa vle di nan sa ki gen pou wè ak telekominikasyon (chanèl televizyon) nan Desalin gen de epòk: yon epòk avan Tele Desalin kote pat gen okenn chanèl televizyon ak aprè inogirasyon tele a kote tout moun te vin gen aksè ak gade televizyon fasilman.
Tele Desalin pa sèlman premye chanèl televizyon nan site enperyal la men li se enstitisyon ki revolisyone zafè telekominikasyon nan istwa modèn site enperyal la.
Depi plizyè deseni, sòti 2005 pou rive 2026, 21 lane depi Radyo Tele Desalin ap jwe yon wòl enpòtan nan lavi sitwayen yo. Li sèvi tankou yon espas enfòmasyon, edikasyon ak ekspresyon pou popilasyon an.
Jodi a ak demen
Jounen jodya, Radyo Tele Desalin toujou kanpe djougan pou kontinye akonpanye popilasyon an nan sa ki gen pou wè ak enfòmasyon ak kominikasyon. Sòti nan emetè atizanal an 2005 pou rive jodya, radyo a genyen ekipman pwofesyonèl, wonnpòte ak sit entènèt. Radyo Tele Desalin pap desèvi sèlman komin Desalin men tout lòt komin nan depatman Latibonit tankou Sen Mak, Vèrèt, Ti Rivyè, Lestè, Pon Sonde, Dedin elatriye. Li vini yon echantiyon, yon senbòl, yon kanal pou menm Ayisyen ki nan dyaspora, kote yo ka vwayaje nan site enperyal la, premye kapital nwa monn lan, menm si yo pa monte avyon.
Direktè/fondatè David Wesley fini pou di: "21 lane sa yo pa travay ak efò yon sèl moun, menm si m pap ka site tout non, men moun tankou Paschaly Chery, Fritznal André, Guerby Demeus, Charlot, Sandy, Wilson Benoît, Samson Janvier, Kevin Alexis, Gana Jean Baptiste ak tout lòt moun m pa site yo jwe gwo wòl nan sa Radyo a ak Tele a ye jodya. Radyo Tele Desalin se yon lekòl ak yon patrimwàn pou moun Desalin."
Nou pa dwe janm bliye anpil evènman sosyal, kiltirèl ak sivik nan komin nan te jwenn viziblite yo atravè mikwo ak ekran Radyo Tele Desalin. Nan sans sa a, enstitisyon sa a pa sèlman yon medya. Li se yon patrimwàn vivan, paske li kontinye sèvi kominote a chak jou; yon patrimwàn istorik, paske li make istwa medya lokal komin nan, epi tou yon patrimwàn kiltirèl, paske li patisipe nan pwomosyon idantite ak kilti vil Desalin. Nan yon vil ki gen yon gwo eritaj istorik tankou Desalin, li enpòtan pou sitwayen yo aprann rekonèt ak pwoteje enstitisyon ki pote memwa kolektif yo. Valorize Radyo Tele Desalin se pa sèlman soutni yon medya lokal, men tou se pwoteje yon pati nan istwa ak kilti komin nan. Se poutèt sa, li nesesè pou tout pitit Desalin yo pran konsyans sou valè enstitisyon sa a, soutni li epi kontinye fè li viv pou jenerasyon kap vini yo.
